Accessibility links

Breaking News

Pakistan: Atak Devan Kay yon Gwo Dirijan Lapolis fè 8 Mò


Eksplozyon an fè yon gwo twou devan kay Aslam
Eksplozyon an fè yon gwo twou devan kay Aslam

Lapolis nan Pakistan fè konnen yon kamikaz ak bonm sote devan kay yon gwo dirijan lapolis nan Karachi. Eksplozif sa yo te twouve yo nan yon machin ki te estasyone devan kay la. 8 moun pou pi piti pèdi lavi yo.

Otorite yo fè konnen 6 nan 8 moun ki mouri yo se polisye ki t ap gade kay dirijan lapolis la. Dapre otorite yo toujou, yon fanm ak yon timoun pèdi lavi yo tou nan eksplozyon an.

Dirijan lapolis ke atak la te vize a, Chaudry Aslam, pa mouri. Aslam responsab pou ankèt sou gwoup militan nan Karachi. Li fè konnen li te resevwa menas bò kote moun ke li sispèk kòm rebèl Taliban pakistanè.

Aslam fè konnen li pa pè mouvman Taliban an, li deklare atak la se yon zak lach. Eksplozyon an fè yon gwo twou devan kay Aslam

XS
SM
MD
LG