Prezidan pakistanè a Asif Zardari fè konnen lanmò lidè al-Kaida a, Osama bin Laden, fòs ameriken yo touye a, se pa t yon operasyon an komen ak peyi li, men li ensiste pou l di ke yon dizèn lane kowoperasyon ak Etazini te mennen nan eliminasyon yon “menas kont mond sivilize a”.
Nan yon atik opinion ki parèt sou jounal Washington Post, Mesye Zardari te abòde kritik ki fè konnen Pakistan pa t rapousuiv teworis yo ak detèminasyon, e li ajoute peyi l petèt se pi gwo viktim zak teworis.
Prezidan Zardari kontinye pou l di ke Pakistan jwenn satisfaksyon nan ede idantifye yon mesaje al-Kaida ki, dapre otorite ameriken yo, te ede mennen yo jwenn Bin Laden.
Mesye Zardari fè konnen tou ke apre lanmò Bin Laden, lagè kont moun ki vize inosan yo pako fini, men ke moun ka wè kòmansman lafen an.
Nan Pakistan, kote fòs ameriken yo te jwenn e touye teworis ke lemond te plis ap chache a, nouvèl la te choke anpil moun peyi a, men gouvènman an te pran tan pou l reponn.