Accessibility links

Breaking News

Militan Taliban Atake Yon Baz Militè Nan Pakistan


Twoup pakistanè yo k ap kondui bòt kot yon elikoptè ki kraze aprè yon atak 23 me 2011
Twoup pakistanè yo k ap kondui bòt kot yon elikoptè ki kraze aprè yon atak 23 me 2011

Mouvman Taliban an kontinye, lendi 25 me a, yon seri atak sou yon baz naval nan Pakistan. Byen ta dimanch, militan Taliban yo te lanse yon atak-daso sou baz la ki nan vil Karachi, kote yo touye 2 sòlda e detrui yon avyon militè.

Plis pase 12 zèdtan apre sa, moun te ka tande eksplozyon toujou, tandiske elikoptè militè t ap sivole baz la, kote yon kòmando plizyè dizèn sòlda t ale pou fè fas ak militan yo.

Daprè yon pòtpawòl Taliban, rezondèt atak la se pou pran revanj pou lanmò lidè rezo al-Kaida a, Osama Bin Laden, ki te pèdi lavi l nan Pakistan nan kòmansman mwa sa a anba men fòs militè Lèzetazini.

Dapre yon ofisyèl lapolis ki t ap pale sou sitiyasyon an, ant 15 e 20 militan ki te genyen grenad, mitrayèt ak fizi nan men yo, te atake baz ayeryèn Mehran nan.

Moun te ka wè dife ak lafimen ki t ap monte sou baz la yon ti moman apre atak la te kòmanse; e temwen ki te tou pre a fè konnen moun te ka tande koutzam divès eksplozyon anndan an.

Yon lòt pòtpawòl lapolis di gen omwen yon avyon siveyans lamarin de gè Pakistan ki detrui; se yon aparèy Lèzetazini te fè peyi a kado sa pa gen lontan.

Moun poko konnen egzatteman ki kantite viktim ki genyen bò kote atakan yo. Pandansetan, Premye Minis Yousuf Raza Gilani kondane atak la ke li konsidere kòm yon «zak teworis lach » ; li ajoute sa p ap anpeche Pakistan ak pèp li a kontinye lite kont teworism.

XS
SM
MD
LG