Ouragan Pamela ap travese nodwes peyi Meksik apre li frape kot la o no Mazatlan.
Pamela rive Meksik a 65 kilomet o no vil potye Mazatlan, ki sevi kom po touristik pou Meksiken yo.
Otorite defans sivil yo fe konnen van ak lapli a pa fe gwo dega nan vil la.
Sant Nasyonal Meteyowoloji Ameriken an di Mekredi van Pamela yo diminye a 100 kilomet ale. Move tan an ap deplase nan direksyon no-nodes a 37 kilomet ale. Kek fragman move tan sa a taka rive Texas byen ta Mekredi oubyen Jedi maten.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press