Accessibility links

Breaking News

Ouragan Kay Frape Kòt Pasifik Meksik


Dega ki fet nan Colima, Meksik apre pasaj Ouragan Kay, 6 Sept. 2022.
Dega ki fet nan Colima, Meksik apre pasaj Ouragan Kay, 6 Sept. 2022.

Ouragan Kay frape kòt Pasifik peyi Meksik Madi ak gwo vag lanme nan moman kote lap pran fòs pou'l antre nan Kategori 2 a.

Siklon nan frape vil Colima ki se yon vil vakans bò lanme epi koze inondasyon.

Otorite yo avèti touris ak sitwayen ki abite nan vil la pou yo pa al bò plaj yo.

Move tan an sitye sou Oseyan Pasifik la ak yon distans 515 kilomèt o sid-sidwès pwent Baja California, ki se zòn kote vil touristik popilè Cabo San Lucas sitye, dapre sant Meteyo Miami an.

Ouragan Kay touye 3 moun nan peyi Meksik pandan wikèn nan e yo atann ni aske li kontinye pran fòs anvan li tounen yon siklòn danjre nan 2 jou kap vin la yo.

XS
SM
MD
LG