Accessibility links

Breaking News

Otorite Espay, Demantle yon Rezo Entènasyonal Kontrebann Imigran Pakistanè


FILE: A migrant intercepted aboard a dinghy off the coast in the Mediterranean Sea, is seen with scabies on his body, after arriving on a rescue at the port of Malaga, southern Spain July 7, 2018.
FILE: A migrant intercepted aboard a dinghy off the coast in the Mediterranean Sea, is seen with scabies on his body, after arriving on a rescue at the port of Malaga, southern Spain July 7, 2018.

Lapolis espayòl demantle rezo kontrebann sa ke yo sispèk te gen plizyè santèn imigran pakistanè ki t ap vwayaje nan plizyè kamyon, pandan operasyon sila, otorite yo te arete15 moun.

Rezo entènasyonal sa, te rekrite imigran pakistanè sa yo nan yon kan refijye nan Bosni ak Erzegovin, kote migran sa yo t'ap chache ale nan peyi Itali oswa Espay, dapre sa Europol te di nan yon deklarasyon, yo te bay apre operasyon an.

"Yo te vwayaje nan kamyon, nan yon kondisyon ki deplorab, yo te pase tout jounen fèmen san manje", rezo sa te fè chak migran peye ant 5,000 ak 8,000 ero pou vwayaj la.

Operasyon an, kote polis Bosnyen, Kwoasyen, Sloveni, Grèk, Italyen, Fransè ak Woumen te patisipe, te arete 15 moun - pami yo - chèf rezo a: 12 nan peyi Espay, youn nan Kwoasi, yon lòt nan Sloveni e ankò yon lòt nan Woumani. .

Yo te entèsepte yon kamyon ki te pote 77 imigran pakistanè ki te kache nan yon kachèt 8m2 nan Kwoasi, dapre sa polis Espayòl la di.

"Migran yo, ki gen ladann kat minè, vwayaje nan kondisyon inimen, te gen twòp moun pou espas la epi yo te fòse yo fè plizyè twou nan do kay la pou yo te ka respire. Sa a se yon trajedi, " responsab la te ajoute.

© Ajans France-Presse

XS
SM
MD
LG