Accessibility links

Breaking News

Otorite Nan Pakistan Anonse Peyi a Kapab Sibi Plis Inondasyon


Otorite Nan Pakistan Anonse Peyi a Kapab Sibi Plis Inondasyon
Otorite Nan Pakistan Anonse Peyi a Kapab Sibi Plis Inondasyon

Nan Pakistan, otorite yo fè konnen peyi a --kote inondasyon fè anpil ravaj-- ap fè fas ak yon gwo risk pou l konnen plis inondasyon toujou nan rejyon ki nan pati sid la nan jou k ap vini la yo.

Daprè menm ofisyèl yo, yo atann yo aske Flèv Indus la monte rive nan kèk nivo ki trè elve pi ta nan semèn nan tou pre vil Hyderabad, ki nan pwovens Sindh.

Sekouris k ap travay nan pwovens sa a te ranfòse levi yo madi 24 out la pou yo pwoteje zòn ki nan ba altitid yo.

Se konsa tou yo deplase plizyè dizèn de milye moun ki t ap viv nan awondisman Shadadd Kot, nan pwovens Sindh.

XS
SM
MD
LG