Accessibility links

Breaking News

Otorite Alman yo Libere Dènye Sispèk yo te Arete nan Kad Ankèt Sou Atak Bèlen an


Mezi sekirite ak gwo baraj an beton nan Bèlenpeyi, Bèlen avan selebrasyon nouvèl an 2017 la. Foto:Reuters/Fabrizio Bensch. Bèlen, Almay, 27 desanm 2016.
Mezi sekirite ak gwo baraj an beton nan Bèlenpeyi, Bèlen avan selebrasyon nouvèl an 2017 la. Foto:Reuters/Fabrizio Bensch. Bèlen, Almay, 27 desanm 2016.

Otorite alman yo lage yon eleman ki se moun peyi Tinizi ki te anba kòd pou swadizan koneksyon li ak Anis Amri, sispèk ki te lanse atak mòtèl sou yon mache Nwèl nan vil Bèlen ann Almay.

Pwokirè yo fè konnen yo detèmine moun sa a yo te arete yè mèkredi 28 desanm 2016 la “se pa moun ke yo sispèk ki te gen kontak ak Anis Amri a."

Amri te kondi yon kamyon pou l antre sou mache a ki te chaje ak moun, kote li touye 12 moun e blese 56 lòt. Anvan atak la, li te fè yon videyo kote li t ap pwomèt pou l rete fidel ak gwoup Eta Islamik la e ak lidè li Abu Bakr al-Baghdadi. Amri mouri anba bal lapolis nan yon estasyon tren nan vil Milan ann Itali.

XS
SM
MD
LG