Militan dwamoun fè konnen fòs militè peyi Siri touye 24 sivil pou pi piti nan yon seri de atak yo lanse sou plizyè vil nan moman Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyonzini ap fè yon reyinyon pou manm li yo diskite sou operasyon sere-boulon brital Prezidan Bashar al-Assad mete sou pye kont manifestan anti-gouvènmantal yo.
Daprè militan yo toujou, kèk nan atak sa yo ki dewoule lendi premye out 2011 la, se atak ki fèt nan moman moun t ap pwoteste aprè priyè yo te fè nan nuit nan okazyon premye jou mwa sen mizilman an, Ramadan.
Nan vil Hama, sitwayen yo di tank militè rekòmanse yon seri bonbadman sou vil la byen ta lendi e sòlda te ouvè kout mitrayèz sou fidèl ki te reyini pou sèvis relijye.
Gwoup defans dwamoun yo deklare genyen 80 moun omwen ki pèdi lavi yo atravè tout peyi Siri nan atak ki te fèt dimanch 31 jiyè a -pami viktim sa yo genyen 52 ki tonbe nan vil Hama e nan vilaj ki ozalantou l yo.