Accessibility links

Breaking News

Medsen Lejis ap Chèche Idantifye Viktim yon Gwo Dife nan Onduras


Anpil nan prizonye ki mouri yo sikonbe anba boule yo te resevwa nan dife a, oubyen yo sifoke nan selil yo
Anpil nan prizonye ki mouri yo sikonbe anba boule yo te resevwa nan dife a, oubyen yo sifoke nan selil yo

Nan peyi Onduras, responsab yo fè konnen se yon prevni ki te kòmanse yon gwo dife ki te eklate nan yon prizon ki te chaje ak prizonye. Omwen 300 moun pèdi lavi yo. 358 prizonye pou pi piti se kantite moun ki te gen nan prizon sa a ki nan vil Comayagua, o nò kapital la, Tegucigalpa. Sa vinn fè ensandi sa a tounen pi move dezas konsa ki rive nan tout istwa rejyon Amerik Latin nan.

Anpil nan prizonye ki mouri yo sikonbe anba boule yo te resevwa nan dife a, oubyen yo sifoke nan selil yo. Gouvènè vil Comayagua Paola Castro presize li te resevwa madi swa yon apèl telefonik nan men yon prizonye ki di gen yon lòt prizonye ki te mete dife nan yon matla .

Kounye a gen espesyalis nan “medsinn lejis “ nan Onduras k ap chèche idantifye viktim ki kangan-nen nan gwo dife a. Prezidan peyi a, Porfirio Lobo, di peyi Chili ofri asistans li nan pwosesis idantifikasyon an. Prezidan chiliyen an Sebastien Pinera pale ak yon ekip spesyalis ki pran avyon pou l vinn ede akselere travay idantifikasyon an.

XS
SM
MD
LG