Nan Onduras, yon gwo kokenn dife ki pete nan yon prizon, touye plizyè santèn prizonye. Obsèvatè yo panse se youn nan pi move dezas konsa ki rive nan tout istwa rejyon Amerik Latin nan.
Daprè otorite ondiryèn yo, plis pase 300 prizonye disparèt e yo menm panse moun sa yo mouri nan dife a, menmsi li posib pou anpil nan sa ki pa reponn a lapèl yo, se sove yo sove.
Direktè sistèm prizon peyi a, Danilo Orellana, pale pou l di dife a te pete byen ta madi 15 fevriye 2012 la, nan vil Comayagua, o nò kapital la, Tegucigalpa, e otorite yo ap chache konnen si se yon prizonye ki lakoz li, oubyen si se yon kou-sikui.
Menm sous la di anpil nan prizonye ki mouri yo sikonbe anba boule yo te resevwa nan dife a, oubyen yo sifoke nan sekil yo.