Accessibility links

Breaking News

OMS Di, Avèk yon Bon Aplikasyon Prensip Sante Piblik de Baz yo, Lemond ka Mete Kontwòl sou KOVID-19


Katye Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) nan vil Jenèv, nan Peyi Lasuis.(Foto Dosye).
Katye Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) nan vil Jenèv, nan Peyi Lasuis.(Foto Dosye).

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) lanse yon avètisman pou l di pandemi KOVID-19 la kontinye pran fòs seryezman atravè lemond antye ak yon vitès ekstwòdinè; sepandan OMS fè konnnen si moun yo respekte règleman sante piblik de baz yo, yo kapab mete kontwòl sou pwopagasyon maladi a epi ralanti l sou kous li.

Kantite total ka enfeksyon yo nan lemond rive double pandan 6 semèn ki pase yo; òganizasyon entènasyonal la anrejistre plis pase 16 milyon moun ki trape enfeksyon kowonaviris la; sou kantite sa a gen plis pase 640 mil moun ki pèdi lavi yo. Dapre OMS toujou, rejjyon ki sibi dega ki pi grav yo se rejyon 3 Amerik yo avèk Lezetazini ki okipe premye plas la pou kantite ka enfeksyon yo, swa plis pase 4 milyon ka, mete sou plis pase 143 mil moun ki mouri.

Direktè Jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, fe konnen òganizasyon an aprann anpil leson depi li te dekrete, nan dat 30 janvye 2020 pase a, ke pandemi an poze yon Ijans sante piblik ki pwovoke yon preokipasyon entènasyonal.

XS
SM
MD
LG