Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) nonmen, nan jounen jedi 9 jiyè a, yon ansyen premye minis La Nouvèl Zeland, Helen Clark, avèk ansyen Prezidant Liberya a, Helen Johnson Sirleaf, pou diirije yon komisyon endepandan ki pou evalye fason òganizasyon entènasyonal la te reponn pou l jere pandemi kowonaviris la.
Pandan direktè jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, te pran lapawòl devan delege eta manm yo nan katye jeneral la, nan vil Jenev, peyi Lasuis, li prezante yo 2 ansyen lidè yo, yon prezantasyon kote li deklare lè a rive pou òganizasyon an fè yon egzamen konsyans. Misye Tedros Ghebreyesus ajoute:
“Gwo kokenn dimansyon pandemi sa a, ki rive touche pratikman tout moun sou latè, merite san di pètèt yon evalyasyon total-kapital, yon evalyasyon onèt.”
- Fòmasyon komisyon an rive 2 jou apre Lèzetazini te wete kò l ofisyèlman nan Òganizasyon Mondyal Lasante apre Prezidan Donald Trump te fè konnen OMS pa t rive konfwonte Lachin sou premye repons Peken te bay eklatman KOVID-19 la. La Mezon Blanch te presize li pa t ap kontinye apiye OMS si pa genyen bon jan refòm ki fèt nan òganizasyon an. Kèk peyi tankou Japon, menmsi yo pa apiye depa Lèzetazini an, lanse apèl tou pou yo mande refò m nan OMS.