Accessibility links

Breaking News

OMS di Pandemi COVID la Pa yon Ijans Ankò


Oganizasyon Mondyal La Sante, OMS deklare COVID-19 pa kalifye tankou ijans global ankò.

Anons la Vandredi mete yon fen senbolik nan pandemi kowonaviris la ki te devaste pi fò peyi nan mond lan epi deklanche "peyi lock" nan yon anplè moun pat janm konstate. Pandemi a te pote avè'l move konsekans ekonomik epi touye 7 milyon moun nan mond lan.

OMS di pandemi a poko fini malgre fas ijans la pran fen.

Ajans Sante Nasyonzini an fè remake kantite ka COVID yo anrejistre nan Sidès Azi ak Mwayèn Oryan an ogmante anpil resaman.

OMS di gen plizyè milye moun ki kontinye mouri ak viris la chak semèn.

XS
SM
MD
LG