Accessibility links

Breaking News

Lori Lightfoot, Majistra Chicago, Pa Rive Konvenk Elektè yo Pou Bal Yon Dezyèm Manda


Election 2023 Chicago Mayor
Election 2023 Chicago Mayor

Lori Lightfoot, ki se premye majistra nwa nan vil Chicago e premye tou ki te deklare tèt li ouvètman kòm madivin, pa rive konvenk elektè yo pou yo renouvle manda li Madi.

Sa se yon chòk li ye nan twazyèm pi gwo vil nan peyi a, kote tout majistra kominal ki pase yo, dapre tradisyon an, te fè pou pi piti fè 2 manda.

Lori Lightfoot te di sipòtè apre li te aksepte defèt li "Nou konnen ke nan lavi, alafen, ou pa toujou genyen batay."

Lori te jwenn anpil kritik bò kote rival li ki akize li pou krim ki ap ogmante nan vil chicago. Li te tou pwofite voye pawòl ankourajman bay moun ki ap gen pou ranplase li, e li di ke li priye "pou pwochen majistra a satisfè espwa moun Chicago pou ane kap vini yo."

Li te genyen eleksyon nan tout katye vil Chicago an 2019, men kantite krim yo nan vil la te monte anpil e pandemi Covid-19 la te febli ekonomi vil la.

Dapre jounal kotidyen Chicago Tribune, 2 lòt kandida te rive jwenn ase vòt pou ale nan dezyèm tou eleksyon yo ki gen pou fèt 4 avril k ap vini an.

Paul Vallas, ki se ansyen sipè-entandan Lekòl Piblik nan Chicago, te jwenn sipò sendika polis la, e Brandon Johnson, yon ansyen pwofesè, te jwenn sipò sendika pwofesè yo.

XS
SM
MD
LG