Accessibility links

Breaking News

Kont Pete ant Pwofese Lekol ak Responsab Chicago


Moun fe la ke pou pran tes COVID-19 gratis nan Chicago, 20 Dec. 2021.
Moun fe la ke pou pran tes COVID-19 gratis nan Chicago, 20 Dec. 2021.

Chicago anile klas pou elèv lekòl yo Mekredi apre sendika pwofesè yo vote pou fè klas yo an liy pito, akoz pakèt ka kowonaviris yo anrejistre nan vil sa a.

Mezi pran nan moman yon gwo kont ki pete ant responsab vil la ak pwofesè lekòl yo sou kestyon pwotokòl sekirite.

Responsab yo di yo pat vle pou lekol fet sou entenet paske sa gen konsekans devastan pou elev yo.

Anvan vot sendika pwofese Chicago yo, Majistra Lori Lightfoot te deklare sendika a ap mete presyon sou manm ni yo pou yo apiye desizyon an.

Majistra a di "malerezman lide CTU yo ap ankouraje manm yo pran desizyon ki pral blese de santen milye fanmi nan Chicago ki kote sou lekol piblik yo pou edikasyon, nitrisyon ak sekirite. Se yon vre danje."

Sendika a bo kote pa li ensiste pou di pwotokol sekirite vil la pa ase, e sa lakoz ni pwofese yo ni elev yo vilnerab.

Lekol te relouvri Lendi apre yon vakans 2 semen, kote enfeksyon COVID-19 yo ak ospitalizasyon akoz varyan omicron an te monte 17 wote.

XS
SM
MD
LG