WASHINGTON D.C. —
Prezidan Joe Biden deklare nouvo varyan KOVID-19 la, varyan ki rele “Omikwonn nan”, se yon koz pou kè-sote, men pa pou panik. Lidè ameriken an defann yon desizyon li te pran apre yo te fèk rapòte dekouvèt viris la, swa desizyon pou l entèdi moun k ap sòti nan pati sid kontinan afriken an antre Ozetazini –yon desizyon ki pwovoke gwo kritik.
Klike sou video ki pi ba a pou w suiv detay yo avèk Lyonel Desmarattes.