Prezidan Etazini an, Barack Obama, ankouraje lidè gwo ekonomi mondyal yo pou yo ranfòse efò pou ede ekonomi mondyal la rekanpe sou 2 pye l. Mesye Obama fè komantè sa yo sou ekonomi mondyal la nan yon lèt li voye bay dirijan Gwoup 20 nasyon pi rich nan lemond yo ou (G-20). Gwoup G-20an gen pou l reyini nan yon somè ki pral dewoule semèn pwochèn nan, o Kanada. Nan epòk kriz ekonomik la te sou pik li, Etazini ak anpil lòt nasyon te depanse plizyè milya dola nan domèn travo-piblik pou ankouraje kwasans ekonomik. Men kounye a, anpil nasyon ewopeyen ap koupe seryezman sou depans yo pou yo ka fè fas a defisi nan bidjè yo.
Prezidan Obama Ankouraje Lidè G-20 yo Kontinye Soutni Relans Ekonomi an
![Prezidan Obama Ankouraje Lidè G-20 yo Kontinye Soutni Relans Ekonomi an](https://gdb.voanews.com/06cf5be0-6e65-479b-b62f-d32cc401e8fa_w250_r1_s.jpg)