Accessibility links

Breaking News

Pi Gwo Erè Prezidan Obama: Libi Aprè Khadafi


Prezidan Barack Obama ki tap pale ak prezantatè chèn televizyon Fox News, Chris Wallace, nan oditoryòm lekòl de dwa Inivèsite Chicago a, nan Chicago, nan dat 7 avril 2016 la.
Prezidan Barack Obama ki tap pale ak prezantatè chèn televizyon Fox News, Chris Wallace, nan oditoryòm lekòl de dwa Inivèsite Chicago a, nan Chicago, nan dat 7 avril 2016 la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen pi move erè li fè pandan li sou pouvwa a, se le fèt ke li pat prepare pou sitiyasyon an nan Libi apre yon kowalisyon l'OTAN te mete sou pye, te dechouke Prezidan Mohammar Khadafi sou pouvwa a an 2011, sa ki te lage peyi sa a nan tyouboum

Nan yon entèvyou Misye Obama bay chèn televizyon Fox News, li reflechi sou moman siksè ak move moman administrasyon n nan, --entèvyou kote li di jounalis Chris Wallace:

“Entèvansyon ki te fèt nan Libi pou pwoteje popilasyon sivil la kont Khadafi, sete yon aksyon jist."

Sepandan apre lanmò lidè lidbyen an e plizyè mwa apre Lèzetazini ak Inyon Ewòp la te lanse atak ayeryen ki te fin pa jete rejim nan, Mwayen Oryan an te tonbe nan yon sitiyasyon tèt-anba, yon sitiyasyon kap kontinye jous jounen jodi a.

XS
SM
MD
LG