Accessibility links

Breaking News

Dènye Vwayaj Prezidan Barack Obama Aletranje

Barack Obama pran direksyon elikoptè Marine One ki te poze tou prè La Mezon Blanch pou mennen li nan avyon Air Force One pou dènye vwayaj li aletranje. (Foto: REUTERS/Joshua Roberts - RTSSAVM. Washington 14 novanm 2016).

Prezidan Barack Obama kite Washington nan kòmansman sware jounen lendi 14 novanm 2016 la pou l antreprann dènye vwayaj li aletranje kòm lidè Lèzetazini. Pwòch kolaboratè Prezidan an di yo atann yo aske Prezidan eli a, Donald Trump, reprezante prensipal tèm dikisyon yo ant Misye Obama ak lidè etranje li pral rankontre yo.

Asistan-konseye pou zafè Sekirite Nasyonal, Ben Rhodes, deklare le fèt ke sou pwogam vwayaj Misye Obama a genyen peyi Lagrès, Lalmay ak Pewou, sa montre solidarite Lèzetazini ak pi gwo alye li yo e se an menm tan yon mwayen pou Prezidan ameriken an montre “apui Lèzetazini pou yon Ewòp fò, entegre e ini.”

Prezidan Barack Obama ki tap pale pandan yon konferans pou laprès nan sal konferans Brady a nan La Mezon Blanch nan Washington, lendi 14 novanm 2016 la..
Prezidan Barack Obama ki tap pale pandan yon konferans pou laprès nan sal konferans Brady a nan La Mezon Blanch nan Washington, lendi 14 novanm 2016 la..

Prezidan Obama pral fè sèl diskou ki sou pwogram li pandan toune sa a nan peyi Lagrès apre-demen mèkredi, kote li pral pale de travay ki rete pou fèt pou rezoud pwoblèm ekonomik peyi sa a ak lòt nasyon ap travèse nan lemond, pandan li pral fè pwomosyon pou kwasans entegre ak lit kont innegalite.

Misye Rhodes fè konnen tou, nan chita-tande Prezidan Obama pral genyen ak Premye Minis grèk la, Alexis Tsipras, li pral pale de apui Lèzetazini pou pèp grèk la ki sibi anpil pandan kriz ekonomik la ki oblije peyi a aksepte gwo prè entènasyonal ak egzijans mare-senti ki fè gouvènman an koupe sou depans ak sèvis piblik yo.

Nan jounen jedi a, Misye Obama pral vizite peyi Lalmay kote Chanselye Angela Merkel pral resevwa li. Misye Rhodes atire atansyon sou enpòtans relasyon ant Lèzetazini ak Lalmay; li deklare Madan Merkel sete “patnè ki pi pwòch Prezidan an pandan tout dire administrasyon Obama a.”

Anvan Misye Obama te kite Washington, li bay yon konferans pou laprès nan La Mezon Blanch.

XS
SM
MD
LG