Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kiba: Prezidan Barack Obama Rive sou 2èm Jounen yon Vizit 3 Jou nan La Avàn.


 Prezidan Barack Obama (agoch) ak Prezidan Raul Castro te bay lanmen aprè rankont yo nan kòmansman aprè-midi jounen lendi 21 mas 2016 la nan Palè Revolisyon an nan La Avàn anvan yo te bay yon konferans pou laprès sou jan yo wè evolisyon ak avni pwosesis rapwochman ant 2 peyi yo.
Prezidan Barack Obama (agoch) ak Prezidan Raul Castro te bay lanmen aprè rankont yo nan kòmansman aprè-midi jounen lendi 21 mas 2016 la nan Palè Revolisyon an nan La Avàn anvan yo te bay yon konferans pou laprès sou jan yo wè evolisyon ak avni pwosesis rapwochman ant 2 peyi yo.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, rankontre ak prezidan kiben an, Raul Casto, nan jounen lendi 21 mas 2016 la, pou 2 lidè yo te pale de mwayen kap pèmèt yo ranfòse pwosesis nòmalizasyon relasyon ant 2 peyi yo epi abòde kèk domèn kote yo toujou genyen dezakò -tankou domèn dwamoun nan.

Sou 2è jounen yon vizit 3 jou nan Kiba, Prezidan Obama depoze yon jèb flè devan moniman Ewo Endepandans Kibèn nan, José Marti, ki sou Plas Revolisyon an nan La Avàn. Aprè seremoni sa a, Prezidan Obama fè yon chita-tande avèk Prezidan Raul Castro nan Palè Revolisyon an kote 2 lidè yo siyen kèk akò ki montre yo deside avanse ak pwosesis retabliman relasyon ant Lèzetazini ak Kiba.

Nan yon konferans pou laprès 2 Prezidan yo bay apre rankont yo a, lidè kiben an prezante yon evalyasyon sou travay ki fèt pou rekonsilye gouvèman 2 peyi yo. Prezidan Castro deklare:

“Gen anpil pwogrè ki fèt depi Lèzetazini ak Kiba te kòmanse pwosesis retablisman relasyon diplomatik yo, menm jan ak lòt kalte kontak dirèk. Gen kourye postal ki ouvri nan direksyon Kiba; genyen vòl avyon dirèk, epi 2 peyi yo ap travay ansanm nan domèn anviwonnman an. Jounen jodi a menm, nou fèk sòt siyen yon akò kowoperasyon nan domèn agrikòl la. Se konsa tou nou siyen yon akò pou n konbat devlopman viris Zika a, menm jan nou siyen akò pou nou kowopere nan domèn antreprenarya a, espesyalman nan domèn tele-kominikasyon an.”

Prezidan Raul Castro (adwat) leve bra Prezidan Obama nan fen yon konferans pou lapròs 2 lidè yo bay nan apremidi jounen lendi 21 mas 2016 la nan La Avàn
Prezidan Raul Castro (adwat) leve bra Prezidan Obama nan fen yon konferans pou lapròs 2 lidè yo bay nan apremidi jounen lendi 21 mas 2016 la nan La Avàn

Prezidan Barack Obama, li menm, te gen pou l reponn, antwòt, yon kesyon ki gen rapò ak fason li wè relasyon 2 peyi yo pral evolye aprè vizit istorik li a. Prezidan Obama di:

“Sa ki pi enpòtan an, sè ke mwen afime ke destine Kiba, se pa Lèzetazni ni okenn lòt peyi kap deside li. Kiba se yon peyi souvren e se avèk rezon li jwenn anpil fyète nan sa. Avni Kiba, se sitwayen kiben yo ki pral deside l e pèsonn lòt moun. An menm tan, menm jan nou fè sa tout kote nou ale nan lemond, mwen pale klè pou m di Lèzetazini pral kontinye pale fò pou l defann demokrasi, tankou li defann dwa pèp kiben an genyen pou l deside pwòp avni li. Nou pral pale fò pou n defann dwa zimen inivèsèl yo, tankou dwa yon pèp genyen pou l jwi libète lapawòl, libète asanble ak libète relijyon.”

Sou pwogram vizit Prezidan Obama a nan Kiba, li menm ak manm fanmi li ki fè vwayaj la avèk li (Premyè Dam amerikèn nan, Michelle Obama, 2 pitit fi yo, plis bèl-mè Prezidan an) pral reponn envitasyon Prezidan Castro pou yon dine ofisyèl nan sware lendi 21 mas la. Madi 22 mas la, lidè ameriken an genyen, antwòt, pou l rankontre ak yon delegasyon disidan kiben.

XS
SM
MD
LG