Accessibility links

Breaking News

Nouvo Premye-Minis Ejipsyen an Pale ak Pèp la


Premye-Minis Ejipsyen an Essam Sharaf ak mikwa a k ap pale ak pèp yo nan Tahrir Square nan Cairo, 4 mas 2011
Premye-Minis Ejipsyen an Essam Sharaf ak mikwa a k ap pale ak pèp yo nan Tahrir Square nan Cairo, 4 mas 2011

Nouvo premye-minis deziye Ejipt la, Essam Sharaf, di foul moun ki rasanble sou plas Tahrir la (Plas Liberasyon an) nan vil Lekèr, kapital egypsyen an, ke “li vle wè Ejipt tounen yon peyi kote fòs sekirite yo ap travay pou byen-nèt sitwayen yo”.

Misye Sharaf pwononse yon mesaj tou-kout sou plas la, kote yon foul moun rasanble chak vandredi pou reklame refòm politik e ekonomik.

Nouvo premye-minis di l ap travay pou l satisfè demann pèp la e l ap priye pou l merite pòs li pra l dirije.

Misye Sharaf fini brèf mesaj li a ak yon slogan manifestan yo ”kenbe tèt nou drèt e ak fyète, paske nou se ejipsyen”.

XS
SM
MD
LG