Accessibility links

Breaking News

Nouvo Negosyasyon ant Izrayèl ak Palestin


Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, byen akeyi desizyon administrasyon Obama a pran pou l kite tonbe efò li t ap fè pou l pran tèt Izrayèl pou peyi sa a remete yon blokis sou konstriksyon pèpleman jwif sou tèritwa okipe Si Jòdani.

Lidè palestinyen yo fè konnen yo pap retounen nan negosaysyon dirèk yo toutotan Izrayèl pa mete fen nan konstriksyon sa yo. Misye Netanyahu –ki t ap abòde dosye a lendi 13 desanm 2010 la—deklare pati konsène yo bezwen fè diskisyon sou kesyon prensipal ki mete divizyon antre yo.

XS
SM
MD
LG