Nan Nouvèl Zeland, otorite yo di yo jwen kounye a kadav 98 moun ki mouri nan tranblemanntè ki te gen yon fòs 6,3 e ki souke vil Christ-church madi 22 fevriye 2011, semèn sa a.
Byen bonè jedi 24 frevriye a, Premye minis John Key di kantite moun ki mouri yo monte rive 92 e li tout siyn yo montre chif-la kapab rive pi plis lontan pase sa nenpot moun ka imajine.
Dapre misye Key toujou, moun pè anpil pou yon afè de 200 lòt moun pa reponn alapèl.
Pami moun ki disparèt yo gen plis pase 100 ki bloke anba dekomb yon bilding ki te gen ladan n yon estasyon televizyon ak yon lekòl lang etranje.
Nan moman gwo soukous la rive a, plis pase 80 etidyan ak anplwaye te nan lekòl la --plizyé nan yo te soti o Japon.
Malgre espwa ap diminye, yon responsab lapolis lokal di ekip sekouris yo toujou konsantre efò yo sou rechèch pou yo jwenn moun ki ta vivan toujou anba dekomb yo.