Pakistan di li kondwi avek siksè lansman yon misil balistik ki kapab pote 2 ojiv nikleyè konvansyonel ki ka rive sou yon distans mil 500 kilomèt. Esè sa-a fèt nan moman tansyon ap ogmante avèk vwazen rival li a, End e sanble dapre obsèvate yo sa fè pati efò Islamabad ap fè pou-l kenbe progresyon ak gwo envestisman nan materyèl ak ekipman militè
Elektè nan Inyon Ewop la komanse jete bilten jodi jedi-a nan moman yap chwazi reprezantan pou palman ewopeyen-an ki pral fòme futu blok la. Plizyè santèn milyon moun nan 28 peyi manb yo ap patisipe nan eleksyon sa a k ap dewoule pandan 4 jou. Yo gen pou anonse rezilta final yo byen ta dimanch kap vini an.