Accessibility links

Breaking News

Nòt Depatman Deta Ameriken an pou Sitwayen li ki Vle Kite Libi


Nòt Depatman Deta Ameriken an pou Sitwayen li ki Vle Kite Libi
Nòt Depatman Deta Ameriken an pou Sitwayen li ki Vle Kite Libi

Depatman Deta Ameriken di li lwe yon bato-transpò pou fè ameriken k ap viv nan kapital Libi a, Tripoli, pati kite vil sa a, pandan gouvènman lòt peyi ap fè mennm bagay la pou yo fè plizyè milye sitwayen etranje pati kite peyi a kote lidè-a, Muammar Gaddafi, ap fè fas ak yon mouvman leve-kanpe ki deja koze lanmò anpil moun.

Daprè yon nòt gouvènman Lèzetazini an voye bay sitwayen ameriken k ap viv nan Tripoli, li konseye sila yo ki ta renmen pati, pou yo prezante nan yon pò vil Tripoli ki rele Pò As-Shahab, byen bonè mèkredi 23 fevriye 2011 la, epi anbake nan yon bato k ap pati a 3 zè de laprè midi, lè lokal, pou mennen yo nan zile Malt ki nan Lamè Mediterane a.

Nòt la di sitwayen ameriken yo ap genyen pou yo ranbouse gouvènman Lèzetazini an pou pri vwayaj la.

XS
SM
MD
LG