Accessibility links

Breaking News

Prezidan Sid-koreyen an, Moon Jae-In, Mande yon "Pinisyon ki pi di " Kont Kore di No Apre Dènye Tès Misil li a


Yon nonm nan Sewoul, Kore di Sid kap gade nan televizyon nouvèl sou dènye tès misil Kore di Nò a.
Yon nonm nan Sewoul, Kore di Sid kap gade nan televizyon nouvèl sou dènye tès misil Kore di Nò a.

Diamnch 3 septanm 2017 la , fè yon 6e tès nikleyè, e sanble sa a pi puisan pase tout lot yo. Pyongyang afime li reyisi teste yon bonm H( bonm idwojèn) ---sa ki reprezante yon nouvo pwovokasyon pou prezidan ameriken an Donald Trump ak tout kominote entènasyonal la.

Washington, Peken, Moskou, Tokyo, Sewoul ak Pari pa pran tan pou kondane nouvo vyolasyon sa a pa rapo ak divès rezolisyon Nasyon Zini ki egzije pou Kore di No mete fen nan pwogram nikleyè e balistik li yo. Larisi lanse yon apèl pou tout moun poze.

Prezidan sid-koreyen an, Moon Jae-In, mande yon "pinisyon ki pi di " kont Kore di No anplis sanksyon l'ONU yo. Chanselyè almand la, Angela Merkel, prezidan fransè Emmanuel Macron ak chèf gouvènman italyen an Paolo Gentiloni mande sanksyon pi di tou Inyon Ewop la kont rejim Pyongyang la pou tès li fè dimanch la . Prezidan Etazini an , Donald Trump, gen pou rankontre menm dimanch 3 septanm ak ekip sekirite nasyonal peyi kap suiv dosye a, pou yo pran nouvèl dispozisyon. O Japon televizyon yo pa sispann montre foto premye minis Shinzo Abe ak prezidan Donald Trump , 2 alye

XS
SM
MD
LG