Accessibility links

Breaking News

Yon Wo Respnsab nan Nasyon Zini Ap Vizite Kore di Nò


Sou-sekretè Jeneral aff etranjè Nasyon Zini an, Jeffrey Feltman, nan, mitan, pandan li te fèk rive nan Kore di Nò. 5 desanm 2017 (Foto: AP/Jon Chol Jin)
Sou-sekretè Jeneral aff etranjè Nasyon Zini an, Jeffrey Feltman, nan, mitan, pandan li te fèk rive nan Kore di Nò. 5 desanm 2017 (Foto: AP/Jon Chol Jin)

Yon gwo responsab nan Nasyon Zini tanmen yon vizit 3 jou nan Kore di Nò madi 5 desanm 2017 la, nan moman Pyongyang ap akselere tès misil nikleyè e balistik li ane sa a.

Yon pòtpawòl l ONU di : Sou-sekretè jeneral pou afè politik Jeffrey Feldman se premye responsab òganizasyon mondyal la kap vizite Kore di Nò sou yon period.

Kore di Nò anonse, nan jounen mèkredi 29 novanm 2017 la, te reyalize avèk siksè lansman yon nouvo misil balistik entèkontinantal ki ta kapab touche Lèzetazini kontinantal, sètadi teritwa ameriken ki sitiye anba Kanada a. Nò-koreyen yo te lanse misil la yon jou anvan anons, swa madi 28 novanm nan, e li tal tonbe nan Lanmè Japon an, byen lwen Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG