Accessibility links

Breaking News

Nominasyon pou Pri Glob d'Or yo Fet Devan yon Hollywood ki Chaje ak Dout


Snoop Dogg anonse nominasyon pou 79e pri anyel Glob d'Or yo nan hotel Beverly Hilton nan, Lendi 13 Dec. nan Beverly Hills, Calif. 2021.
Snoop Dogg anonse nominasyon pou 79e pri anyel Glob d'Or yo nan hotel Beverly Hilton nan, Lendi 13 Dec. nan Beverly Hills, Calif. 2021.

Se rapè Snoop Dogg li nominasyon pou pri Glob d'Or yo ane sa a.

Apre 9 mwa kritik piman bouk te fose Asosyasyon Près Etranje Hollywood la fè refom, gwoup la te fè tout sa'l te kapab jodi lendi a pou lanse sezon prim domèn atistik la.

Pami aktè ki ranpote nominasyon ane sa a, gen Will Smith, Kristen Stewart, Leonardo DiCaprio, Denzel Washington epi Lady Gaga. "Belfast" ak "The Power of the Dog" te ranpote plis nominasyon pase tout lot film yo, a savwa 7.

Okenn nan moun ki ranpote nominasyon pat fete piblikman - di mwens pa pou kounyea.

Pi fo stidyo yo, konpayi relasyon piblik ak pi gwo vedèt yo pa kominike anpil ak gwoup la ane sa a.

Kritik yo di li two bonè pou Asosyasyon Laprès Etranje Hollywood la konprann li ka reprann travay li nomalman.

XS
SM
MD
LG