Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Kont Prezidan Nikaragwa a, Daniel Ortega Devan OEA


Manifestasyon sitwayen Nikaragwa devan OEA
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:39 0:00

Plizye dizèn sitwayen dorijin nikaragweyen manifeste devan lokal kote 48èm asanble jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo OEA ap dewoule pandan 2 jou lendi 4 ak madi 5 jen 2018 la nan Washington DC. Sitwayen sa yo ap mande òganizasyon an konkou pou fòse depa rejim Daniel Ortega a sou pouvwa nan Nikaragwa.

Manifestan yo akize gouvènman Daniel Ortega a ki dapre yo ap touye popilasyon sivil la epi anpeche moun manifeste libreman pou defann dwa yo. Sitwayen sa yo mansyone plizyè moun yo di rejim Ortega a touye nan dènye manifestasyon ki fèt nan peyi a semèn pase yo.

Daniel Ortega se yon figi politik nan Nikaragwa depi nan ane 70 yo; li se ansyen manm geriya Sandinis yo ki te rive ranvèse gouvènman Anastasio Somoza a epi pran pouvwa. Li te eli prezidan Nokaragwa an 1984 pou rive 1990 apre sa a li te tounen sou pouvwa a ankò an 2007 pou jiskaprezan kote chak 4 tran li toujou re-eli nan eleksyon yo. Men pou anpil nikaragweyen se koken ak magouy pou chanjman nan manman lwa peyi a, ki kenbe Misye Ortega sou pouvwa a.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou plis detay sou manifestasyon devan OEA a ak Jacquelin Belizaire.

XS
SM
MD
LG