Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Anbasadè Ameriken an nan l ONU, Nikki Haley, sou Echèk Diskisyon nan OEA sou Kris Venezuela a


Anbasadè Ameriken an nan Nazyon Zini, Nikki Haley.
Anbasadè Ameriken an nan Nazyon Zini, Nikki Haley.

Nan yon nòt ki soti nan Biwo Près ak Relasyon Piblik Misyon Etazini nan Nasyon Zini, mèkredi 22 jen 2017 la, reprezantan Ameriken an nan l ONU, Anbasadè Nikki Haley reyaji sou echèk diskisyon Asanble Jeneral OEA a nan Cancun, Meksik sou kris politik la o Venezuela.

Anbasadè Nikki Haley deklare:

"Nou pa ta dwe rete bwa kwaze devan sitiyasyon trajik peyi Venezuela a kote pèp la ap mouri grangou; pandanstan, gouvèman peyi sa a gen yon sèl objektif ki se detui sistèm demokratik la.

Kominote Entènasyonal la dwe aji menm si Konsèy Dwa Zimen Nasyon Zini an ak Òganizasyon Eta Ameriken yo OEA enkapab pou yo fè sa. Nou bat bravo pou efò plizyè peyi manm OEA ki montre detèminasyon yo pou defann koz demokrasi a nan rejyon an."

Reprezantan Etazini an nan Nasyon Zini an pale konsa nan yon nòt pou laprès apre yon lòt tantativ pou yon rezolisyon sou kriz politik Venezuela Òganizasyon Eta Ameriken yo OEA tap eseye pran pandan 3 jou Asanble Jeneral li a nan Cancun.

Kris Politik Venezuela Domine Asanble Jeneral OEA nan Cancun, Meksik

Pandan yon reyinyon sou kriz Venezuela a nan 47èm Asanble Jeneral OEA minis afè etranjè Venezuela a, Delcy Rodriguez, te akize Lèzetazini komkwa lap chache entèvansyon poul kapab fè benefis nan resèv petwòl peyi li a.

Bò kote pal, reprezan Etazini an nan OEA, John Sullivan, te di minis afè etranjè 34 peyi yo “Sa se yon moman defi pou òganizasyon an ki dwe bay prèv ke lap fè travay li kom sa dwa."

XS
SM
MD
LG