Accessibility links

Breaking News

Managwa-Nikaragwa: Sitiyasyon an Retounen nan Nomal Li aprè Plizyè Jou Pwotestasyon


Foto sa a bay yon ide de manifestasyon ki dewoule nan Managwa, Nikaragwa, nan jou ki pase yo.
Foto sa a bay yon ide de manifestasyon ki dewoule nan Managwa, Nikaragwa, nan jou ki pase yo.

Depatman Deta a pase lòd pou manm fanmi k ap travay pou gouvènman ameriken an nan anbasad amerikèn nan nan Managwa, kapital Nikaragwa, kite peyi a; li bay otorizasyon pou manm pèsonèl tout ajans ki travay pou Etazini nan peyi santwo-ameriken an fè menm bagay la. Depatman Deta pran desizyon sa a apre dènye manifestasyon ki dewoule nan Nikaragwa kote plis pase 2 douzèn moun pèdi lavi yo.

Semèn pase a, Prezidan Nikaragwa a, Daniel Ortega, te anonse li ta pral pote chanjman nan plan pansyon peyi a. Se dekrè li te pran pou l anonse chanjman sa yo ki te deklanche mouvman pwotestasyon yo nan peyi a. Nan jounen dimanch 22 avril la, li fè konnen piblikman l ap elimine plan refòm sa a.

XS
SM
MD
LG