Accessibility links

Breaking News

Lachin Relouvri Anbasad li Nan Nikaragwa


NICARAGUA-CHINA/TAIWAN
NICARAGUA-CHINA/TAIWAN

Lachin relouvri anbasad li nan Nikaragwa, twa semèn apre li te retabli relasyon diplomatik li avek Nikaragwa ki te koupe depi nan ane 1990.

Minis Afè Etranjè a Denis Moncada pandan seremoni ouvèti a te deklare "Byenveni nan peyi Nikaragwa ... nou gen sètitid ke de peyi nou yo gen devan yo yon avni (ranpli) ak siksè ak viktwa".

Lachin te louvri anbasad li apre li te retabli relasyon diplomatik li ak Nikaragwa, kote peyi Prezidan Ortega ap dirige a te kraze 9 desanm bridsoukou relasyon diplomatik yo ak Taiwan ke Lachin konsidere tankou yon eta rebèl, Beijing deklare ke Taiwan se yon pati nan teritwa li. Managua kounye a rekonèt sèlman yon "yon sèl Lachin" ki te dirije pa Beijing.

An 1990, relasyon ant Nikaragwa ak Lachin te koupe pa gouvènman ansyen Prezidan Violeta , ki te chwazi rekonèt Taiwan kòm yon eta endepandan.

Retablisman relasyon Managua-Peken rive nan moman Etazini ak Inyon Ewopeyèn an ogmante sanksyon kont gouvènman Prezidan Daniel Ortega, ki eli demokratikman pou yon katriyèm manda youn apre lòt, 7 novanm ki sot pase a.

XS
SM
MD
LG