Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Anile Tout Akò Komèsyal ak Taiwan


Nicaraguan President Daniel Ortega attends the XX Summit of the Bolivarian Alliance for the Peoples of Our America-People's Trade Agreement (ALBA-TCP), at the Palace of the Revolution in Havana on December 14, 2021. (Photo by Adalberto ROQUE / POOL / AFP)
Nicaraguan President Daniel Ortega attends the XX Summit of the Bolivarian Alliance for the Peoples of Our America-People's Trade Agreement (ALBA-TCP), at the Palace of the Revolution in Havana on December 14, 2021. (Photo by Adalberto ROQUE / POOL / AFP)

Palman Nikaragwa a te anile akò komèsyal peyi a ak Taywan, apre yo te koupe tout lyen diplomatik ak zile a.

Palman an, kote Prezidan Daniel Ortega gen majorite, te apwouve pa 80 vòt sou 92 pwopozisyon gouvènman an te fè pou "sispann ak anile" nenpòt akò oswa aksyon legal ki te fèt ak Taiwan anvan 9 desanm.

Nan pwopozisyon ki te soumèt bay depite yo, gouvènman an souliye ke Nikaragwa "rekonèt nan mond lan yon sèl Lachin (...) e ke Taiwan se yon pati nan teritwa Chinwa a".

Anilasyon akò sa yo vini yon semèn apre Managua te koupe relasyon diplomatik ak Taiwan, pandan y ap re-etabli relasyon yo ak Lachin. Yon desizyon Etazini kritike.

Azucena Castillo, yon depute di ke li te "konsène" sou lavni peyi ya nan zafè relasyon komès akoz yon akò 2016 ki pwoteje tranzaksyon sa yo.

Akò komès sa yo te pèmèt Nikaragwa fè ekspòtasyon tankou kafe, sik, ak vyann bèf, pami lòt moun, epi sa te bay yo dwa ale nan zile a ak yon tarif ki preferansyèl.

Ekspòtasyon Nikaragwan nan Taiwan te rive nan $ 82.8 milyon pou ane 2020 an, 8 fwa plis pase sa yo te fè an 2007.

Dapre Castillo, "tout komès sa yo ki (pral nan direksyon ) Lachin ak (ap double) nan volim yo te konn fè ak zile Taywann lan, men nou pral gen pou nou wè tou si peyi a gen kapasite pou satisfè demann sa a."

Lòt akò ki anile yo gen rapò ak egzanpsyon viza, kowoperasyon teknik, trafik aeryen, ak yon kontra prè pou yon pwojè irigasyon nan lwès Nikaragwa.

XS
SM
MD
LG