Accessibility links

Breaking News

Nijè: Manifestasyon Kont yon Konvwa Militè Fransè, 3 Moun Mouri


Des manifestants tiennent une pancarte sur laquelle on peut lire "Non à la France" lors d'une manifestation à Ouagadougou, au Burkina Faso, le 16 novembre 2021.
Des manifestants tiennent une pancarte sur laquelle on peut lire "Non à la France" lors d'une manifestation à Ouagadougou, au Burkina Faso, le 16 novembre 2021.

Jandarm Nijeryen ak sòlda fransè yo "te tire pou dispèse manifestan yo".

Yon konvwa militè fransè ki ta pral nan vil Gao, nan peyi Mali, te gen difikilte pou kontinye wout la akoz manifestan nan Nijè te bloke yo.

Hama Mamoudou, majistra vil Téra nan Nijè, te deklare nan moman manifestasyon an kont pasaj konvwa militè fransè yo gen "3 moun ki pèdi lavi yo ak 18 lòt ki blese".

Pòtpawòl lame franse a Kolonèl Pascal Ianni, te di AFP ke " pa nan pozisyon pou konfime evalyasyon domaj yo", yo ap travay ak otorite Nijeryen yo, pou yo ka fè limyè sou sitiyasyon an, "pa gen okenn sòlda fransè ki blese", men gen "de chofè sivil konvwa a ki blese anba kout wòch."

Dapre pòtpawòl la, konvwa a te kanpe vandredi nan Téra. Samdi maten, lè yo te vle kontinye vwayaj yo nan direksyon Niamey, anviwon yon milye manifestan te kanpe konvwa a e "te gen yon gwoup vyolan pami yo ki te eseye sezi kamyon yo".

Jandam Nijeryen ak sòlda franse yo "te tire pou dispèse manifestan yo".

Konvwa a te kite Téra nan mitan jounen an epi rekòmanse pwogrè li nan direksyon Niamey.

Kontestasyon yo soti tout kote

Kritik sou prezans militè fransè a ap grandi nan peyi Nijè, Mali ak Burkina Faso.

Lè konvwa a te antre nan teritwa Burkinabè a semèn pase a, konvwa a te rankontre menm difikilte yo ak prezans manifestan yo nan Bobo Dioulasso, Ouagadougou answit nan Kaya. Kat manifestan te blese nan yon sikonstans ki poko detèmine.

Plizyè nan manifestan yo lanse akizasyon pou di sòlda fransè yo ap transpòte zam pou gwoup jihadis ki ap teworize plizyè peyi nan Sahel la depi plizyè lane.

XS
SM
MD
LG