Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa: Gouvènman an Deside Kanpe sou Plan Refòm Sekirite Sosyal li a


Moun nan peyi Nicaragwa
Moun nan peyi Nicaragwa

Prezidan nikaragweyen an, Daniel Ortega, kanpe sou plan li te genyen pou l te fè refòm nan sistèm sekirite sosyal peyi a. Anons Prezidan Ortega te fè semen pase a pou l chanje plan pansyon peyi a te pwovoke manifestasyon mòtèl.

Kèk group dwazimen rapòte kantite moun ki mouri pandan manifestasyon yo rive 25 pami yo yon jounalis ki t ap fè yon retransmisyon an dirèk sou rezo Sosyal Facebook.

Plis pase 5 jou, pèp nan peyi Nicaragwa pran lari pou denonse sa yo rele entansyon gouvènman Daniel Ortega a genyen pou l refòme sistèm pansyon nasyon Amerik Santral la. Lèzetazini mande gouv. an respekte dwa pèp l

XS
SM
MD
LG