Accessibility links

Breaking News

New York Times: Badio te rele Frantz Elbé pou Mande l Zam


 Frantz Elbe
Frantz Elbe

Plizyè jou avan arestasyon Rodolphe Jaar nan Repiblik Dominikèn, li te pale avek jounalis New York Times sou patisipasyon li nan asasina Prezidan Jovenel Moïse, epi fè plizyè revelasyon bay jounal la. Pami revelasyon sa yo Jaar deklare ke Badio te rele Frantz Elbé e l mande li zam.

Jaar te enplike chèf lapolis la, Frantz Elbé le li bay detay sou yon reyinyon pou diskite sou konplo a. Li di New York Times ke Badio te rele Elbé, ki te yon konseye lapolis nan epòk la, epi li te mande l edel jwenn zam pou koudeta a.

Dapre Jaar, Elbé te di Badio ke li pa gen zam, men tou li pa eseye anpeche koudeta a rive. New York Times patka konfime deklarasyon sa a ak okenn sous endepandan.

Pliizyè mwa apre ke Leon Charles te remet demisyon li nan tèt lapolis (PNH) la, premye minis Ariel Henry te nomen Elbé pou ranplase li.

XS
SM
MD
LG