Accessibility links

Breaking News

New England Human Rights Mande Minis Jistis Ayisyen an Amelyore Kondisyon Prizonye yo


Òganizasyon dwazimen New England Human Rights, ak Komite Avoka Pou Respè Libète Endividyèl (CARLI), yon asosyasyon avoka ak òm la lwa ayisyen nan Boston, Eta Massachusetts (Ozetazini) akeyi ak satisfaksyon volonte minis jistis Ayiti a, Paul Denis, manifeste pou l' travay pou gouvènman ayisyen amelyore kondisyon lavi prizonye yo ann Ayiti.

Men 2 òganizasyon imanitè yo eksprime dout kondisyon detansyon prevni yo pra l' chanje vre, paske se pa premye fwa, selon deklarasyon yo, yon minis jistis fè bèl deklarasyon sou kondisyon detansyon prizonye yo san pa gen okenn aksyon ni mezi ki pran pou korije sinon chanje sitiyasyon sa a.

NB: Koute sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou koute deklarasyon youn nan responsab gwoup dwazimen an Josué Renaud nan yon repòtaj li fè ak Wilson Dubuisson.

XS
SM
MD
LG