Accessibility links

Breaking News

Nan Nepal Plizyè Milyon Elektè Lage Bilten Vòt nan yon Eleksyon Istorik


Sitwayen nepalè ki nan liy pou yal vote nan yon estasyon vòt pandan yon eleksyon lokal nan Bhaktapur, Nepal, 14 me 2017.
Sitwayen nepalè ki nan liy pou yal vote nan yon estasyon vòt pandan yon eleksyon lokal nan Bhaktapur, Nepal, 14 me 2017.

Nan Nepal plizye milyon elektè pran chemen biwo vòt yo jedi 7 desanm 2017 la pou yo al lage bilten yo nan yon eleksyon istorik, yon fason pou konplete tranzisyon peyi a ap fe nan direksyon bon jan demokrasi.

Vòt jjedi a se 2èm e denye faz yon eleksyon ki pral mete sou pye ofisyelman 7 asanble provensyal epi eli tout 275 manb ki pral sieje nan Palman nepalè a.

Anviwon 12 mil elektè nan pati sid Nepal pral lage bilten nan 2èm tou jedi a apre pati nò peyi a fin vote li menm nan dat 26 novanm pase. Nouvo asanble yo ki pral eli a pral gen pou l prezante lwa pou gouvène provens yo.

XS
SM
MD
LG