Accessibility links

Breaking News

Delege Prezidan Soudan Sid la, Salva Kiir, ak Reprezantan Rivil li, Reik Machar Rive Nan Addis-Abeba


South Sudan
South Sudan
Reprezantan Prezidan Soudan Sid la, Salva KIIR ak delege lidè rebèl la, REIK MACHAR, rive nan peyi Ethiopi pou yo negosye yon fen nan lagè sivil kap ravaje peyi a, men pandanstan vyolans la ap kontinye nan yon vil enpòtan nan Soudan Sid.

Misye KIIR ak ansyen vis prezidan Machar voye delege yo nan vil Addis-Abeba madi pou tanmen negosyasyon ki gen pou objektif mete yon pwen final nan vyolans ki eklate nan koumansman mwa desanm nan. Lagè tribal la te eklate apre prezidan KIIR--- manm etni DINKA, te akize misye Machar (ki se yon NUER) deske li tap manniganse yon koudeta.

Nasyonzini fè konnen konba yo pran lavi plis pase 1.000 kretyen-vivan e fòse plizyè dizèn milye lòt abandonnen bouk ak vilaj yo.
Malgre yon akò ant belijeran yo pou yo fè chita pale, konba yo ap kontinye nan BOR---prensipal vil nan Eta Jonglei.

Machar ak patizan l yo fè konnen konbatan l yo repran vil la.
Rebèl yo te pran kontwòl Bor pou yon ti tan nan koumansman desanm nan.
Okenn sous bò kote gouvènman an pa konfime ni demanti nouvèl sa a.
XS
SM
MD
LG