Accessibility links

Breaking News

Oganizasyon Trete Atlantik Nò (L'OTAN) Kondane yon Lòt Tès Misil Kore di Nò


Yon dam kap gade yon ekran televizyon kap montre lansman misil Kore di Nò a, nan estasyon tren Sewoul la nan Sewoul, Kore di Sid, 15 septanm, 2017.
Yon dam kap gade yon ekran televizyon kap montre lansman misil Kore di Nò a, nan estasyon tren Sewoul la nan Sewoul, Kore di Sid, 15 septanm, 2017.

Sekretè jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg, di “se yon lòt vyolasyon sovaj rezolisyon l'ONU yo e se yon menas grav pou lapè ak sekirite entènasyonal.”

Oganizasyon Trete Atlantik Nò (L'OTAN) lanse apèl pou l mande manm kominote entènasyonal la mete ansanm pou yo bay Kore di Nò yon repons pou yon dènye tès misil peyi sa a fèk reyalize.

Anbasadè yo nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an pandan vòt sou Kore di Nò a nan vil New York, 11 septanm 2017.
Anbasadè yo nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an pandan vòt sou Kore di Nò a nan vil New York, 11 septanm 2017.

Sekretè jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg, ki tap reyaji sou evennman an sou kont twitter li vandredi 15 septanm 2017 la, deklare:

“Lansman misil Kore di Nò fèk fè a se yon lòt vyolasyon sovaj rezolisyon l'ONU yo. Se yon menas grav pou lapè ak sekirite entènasyonal e sa egzije yon repons bò kote tout kominote entènasyonal la.”

Nan kòmansman jounen vandredi a, Kore di Nò te lanse yon lòt misil ki pase sou tèritwa peyi Japon. Sa rive 2 zou 3 jou sèlman ape Nasyon Zini te enpoze plis sanksyon sou Pyongyang poutèt li te reyalize yon 6èm tès nikleyè.

XS
SM
MD
LG