Accessibility links

Breaking News

Nan Okazyon 2èm Anivèsè Trajedi 12 janvye 2010 la, Nasyonzini Renouvle Angajman l nan Pwosesis Rekonstriksyon an


Nan Okazyon 2èm Anivèsè Trajedi 12 janvye 2010 la, Nasyonzini Renouvle Angajman l nan Pwosesis Rekonstriksyon an
Nan Okazyon 2èm Anivèsè Trajedi 12 janvye 2010 la, Nasyonzini Renouvle Angajman l nan Pwosesis Rekonstriksyon an

Nan okazyon dezyèm anivèsè tranblemanntè ki te pran lavi 300 mil moun ann Ayiti, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki Moon, fè soti yon deklarasyon pou onore viktim trajedi a, pami yo te genyen 102 manm pèsonèl Nasyonzini yo.

Mesye Ban te pale nan telefòn yè mèkredi 11 Janvye a ak Prezidan Michel Martelly kote li renouvle angajman Nasyonzini nan pwosesis rekonstriksyon Ayiti a.

Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, yon anvwaye espesyal Nasyonzini ann Ayiti , twouve l nan peyi a pou patisipe nan divès sèvis nan memwa viktim yo k ap dewoule jedi 12 janvye 2012 la. Mèkredi 11 Janvye a, Prezidan Martelly te anonse Kanada pral ede reloje nan kay tou nèf plizyè milye viktim tranblemanntè a ki nan yon kan toupre Palè Nasyonal la nan Pòtoprens.

Minis Kooperasyon Entènasyonal peyi Kanada a, Beverly Oda deklare, peyi l pral dekese preske 20 milyon dola nan 2 ane kap vini la yo pou reloje 20 mil ayisyen k ap viv sou Channmas nan kapital la.

Responsab ayisyen yo di genyen anviwon 550 mil moun ki toujou pa gen kote pou yo rete---sa ki reprezante yon diminisyon pa rapò ak yon milyon 500 mil moun ki te zan zabri apre trajedi 12 janvye 2010 la .

XS
SM
MD
LG