Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Ekzòte Gouvènman Venezuela a pou l Respekte Dwa Opozisyon an

Yon gwoup moun kap mache nan lari kote lese frape ant aktivis ki pwo Prezidan Madulo yo ak opozan li yo ap dewoule. Pasan yo leve 2 men yo anlè yon fason pou aktivis yo kite yo pase. Karakas, Venezuela 10 jiyè 2017.

Nasyon Zini ekzòte gouvènman Venezuela a pou l respekte dwa opozisyon politik la genyen pou l pwoteste, pandan li remake yon gwo ogmantasyon nan kantite moun kap mande azil politik pou yo kite peyi sa a nan Amerik di Sid la. Deja plis pase 52 mil moun Venezuela aplike pou azil politik pou ane 2017 la.

Nan dat 5 jiyè 2017 la nan peyi Venezuela, Patizan Prezidan Nicolas Madulo yo te pote boure nan palman ki anba kontwòl opozisyon an, kote yo te atake legislatè yo ki te an dedan an e kenbe an otaj plizyè santèn moun nan building nan pandan 9 vèd tan. Plis pase yon dizèn moun te soti blese, pami yo 5 palmantè. Rès viktim yo se te anplwaye Asanble Nasyonal Venezuela a.

Patizan Prezidan Nicolas Madulo yo nan moman yo tap pote boure nan palman Venezuela a ki anba kontwòl opozisyon an, kote yo te atake legislatè yo ki te an dedan an e kenbe an otaj plizyè santèn moun nan building nan pandan 9 vèd tan.

Prezidan palman an Venezuela a, Julio Borges, kritike Prezidan Madulo pou sitiyasyon sa a kap devlope nan peyi a kote yon kriz politik ki la depi plizyè mwa debouche sou pwotestasyon nan lari ki mache avèk zak vyolans ant moun ki an favè gouvènman anplas la ak opozan li yo. Prèske 100 moun deja pèdi lavi yo nan manifestasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG