Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Menase pou l Mete Plis Sanksyon sou Kore di Nò Apre Dènye Tès Misil li a


Anbasadè Etazini an nan Nasyon Zini Nikki Haley a ak lòt manm nan Konsèy Sekirite a nan moman yo tap vòte sou yon rezolisyon pou kondane itilizasyon zam chimik nan peyi Siri.
Anbasadè Etazini an nan Nasyon Zini Nikki Haley a ak lòt manm nan Konsèy Sekirite a nan moman yo tap vòte sou yon rezolisyon pou kondane itilizasyon zam chimik nan peyi Siri.

Konsèy Sekirite l ONU an gen pou l fè yon reyinyon ann ijans pou diskite sou nouvo sanksyon yo pral mete sou Pyongyang poutèt dènye misil li te lanse pandan weken pase a.

Imaj ki montre lansman misil Kore di Nò a nan rejyon ki o nò kapital peyi a, Pyongyang.
Imaj ki montre lansman misil Kore di Nò a nan rejyon ki o nò kapital peyi a, Pyongyang.

Samdi 13 me 2017 la, Kore di Nò te lanse yon misil non-idantifye depi yon anplasman militè li genyn nan vwazinaj Bukchang, yon pwovens Pyeongyang ki te al tonbe nan lanmè peyi Japon.

Etazini, Japon ak Kore di Sid te mande Konsèy Sekirtie l ONU an yon diskisyon ann ijans apre lansman misil. Dapre kèk ekspè, dènye tès misil Pyongyang an se yon nivo balistik wo ke moun pa wè fasil, ki sanble wokèt ki sèvi ak kabiran likid ke yo ka lanse an 2 etap, ki ka vole nan distans jiska 4 mil 500 kilomèt.

Kore di Sid fè konnen, Prezidan Moon Jae-in ap delege anvwaye espesyal toupatou nan lemond yon fason pou ranfòse relasyon mondyal li apre dènye tès misil agresisf Kore di Nò a.

Bonè nan jounen lendi 15 me 2107 la, ajans nouvèl ofisyèl Kore di Nò a KCNA fè konnen li reyisi yon nouvo tès sou yon nouvo misil ke li devlope pou mwayèn ak long pòte, anba sipèvizyon lidè Kim Jong Un, pou verifye ke misil la ka pote yon “gwo tèt nikleyè lou.”

XS
SM
MD
LG