Accessibility links

Breaking News

Naomi Osaka Elimine Nan Jezolenpik yo


Naomi Osaka nan match li kont Marketa Vondrousova nan Jezolenpik Tokyo yo, 27 Jiye, 2021.
Naomi Osaka nan match li kont Marketa Vondrousova nan Jezolenpik Tokyo yo, 27 Jiye, 2021.

O Japon, fanatik yo deklare “masaka” kivledi se pa posib! - pa rapo ak nouvel ki fe konnen chou chou peyi a, Naomi Osaka elimine nan konpetisyon Jezolenpik Tokyo a. Kidonk mamzel pa gen okenn chans pou’l ranpote yon meday lo ane sa a.

Fanatik yo eksprime supo pou Naomi sou rezo sosyal yo e yo felisite li pou kouraj li ak eneji li.

Aksyon konpayi YONEX ki se yon konpayi japonez ki fe raket tenis – e ki se youn nan pi gwo sponsor mamzel eben vale aksyo yo te plonje desann jodi Madi a apre Naomi pedi match li ak finalis tounwa open Franse a Marketa Vondousova ki se moun Republik Tchek la.

Marketa Vondrousova, moun repiblik Czech, nan match li kont Ayisyen Japonez Naomi Osaka ki tap jwe pou Japon, 27 Jiye, 2021.
Marketa Vondrousova, moun repiblik Czech, nan match li kont Ayisyen Japonez Naomi Osaka ki tap jwe pou Japon, 27 Jiye, 2021.


Desepsyon sa a vini 4 jou selman apre tout moun te pran kriye ak emosyon le Naomi Osaka te limen chodye Olenpik la pou louvri Jeu Tokyo yo

Yon lot kote, chou chou Etazuni – vedet jimnastik Simone Biles – rale ko li soti nan konpetisyon final ekip feminen an apre yon ensidan ki rive Madi swa nan Tokyo. Kidonk, sa bay ekip la Rusi a chans ranpote yon meday lo pou premye fwa nan 30 an.

Manm ekip jimnastik Etazuni Sunisa Lee, Grace McCallum, Simone Biles ak Jordan Chiles nan Tokyo, 27 Jiye, 2021.
Manm ekip jimnastik Etazuni Sunisa Lee, Grace McCallum, Simone Biles ak Jordan Chiles nan Tokyo, 27 Jiye, 2021.


Jordan Chiles, Sunisa Lee ak Grace McCallum ede Lezetazuni ranpote yon meday ajan, pandan ke Biles limenm tap bat bravo depi ban kote li te chita a. Mamzel te abiye an blan e li te sanble alez ak desizyon pou’l pa patisipe nan konpetisyon an.

Biles se youn pami atlet popile nan le mond ki pwofite platfom yo pou yo diskite sou depresyon yo konn resanti. Responsab ekip Ameriken yo poko di egzakteman kisa ki pase Simone Biles.

XS
SM
MD
LG