Accessibility links

Breaking News

Nan Wòm yo Bare Pap Francois nan yon Magazen Disk


Pap Francois ap kite yon magazen ki van disk nan vil Won, ann Itali, 11 Janvye 2022.
Pap Francois ap kite yon magazen ki van disk nan vil Won, ann Itali, 11 Janvye 2022.

Pap Francois ap plenyen depi lontan ke li paka pwomennen nan vil Wòm san ke moun pa rekonèt li, menm jan li te konn fè sa anvan li te vin Pap. Men sanble misye kenbe yon sans d'imou pa rapò ak sa apre yo te filme'l nan yon magazen ki vann disk semèn sa a.

Pap Francois ekri yon nòt ke li remèt bay jounalis Vatikan an ki te sou plas le Francois tap kite Vatikan an pou'l al beni magazen Stereo Sound, kote li te konn achte souvan anvan li te eli pap an 2013.

"Mwen pap demanti ke malchans pa mwen, apre tout prekosyon mwen te pran yon, te gen yon jounalis ki tapp tann yon moun kote taksi yo tap fè lake," Pap Francois deklare. Men li ajoute "ou paka pèdi sans imou ou (nan sikonstans sa yo)."

XS
SM
MD
LG