Accessibility links

Breaking News

Kot Divwa: Sòlda Ki An Fave Alassane Ouattara Yo Kontinye Atake Kay Prezidan Gbago


Yon fi kap pase bo kote solda ki fidel anve Alasanne Ouattara nan moman mesye yo kanpe nan yon pos enspeksyon nan antre prensipal Abidjan
Yon fi kap pase bo kote solda ki fidel anve Alasanne Ouattara nan moman mesye yo kanpe nan yon pos enspeksyon nan antre prensipal Abidjan

Nan Kot Divwa, sòlda ki apiye Prezidan Alasanne Ouattara, (ke kominote entènasyonal la rekonèt) lanse yon atak sou kay prezidan sòtan an, Laurent Gbagbo avèk objektif pou yo fè mesye remèt pouvwa a.

Yon pòtpawòl mesye Gbagbo di sòlda fransè yo te atake rezidans mesye Gbagbo nan vil Abidjan, men otorite fransè yo demanti nouvèl kòmkwa yo ta mele nan okèn atak.

Mesye Gbagbo kache yon kote ki antoure ak sòlda ki an favè Ouattara yo nan moman negosyatè yo ap travay pou yo ka jwen yon fen nan kriz politik sa a.

Mesye Gbagbo di li pako pare pou l rann tèt li. Anvan sa, minis fransè Alain Juppe te fè konnen Nasyonzini pral kontinye mete presyon sou mesye Gbagbo e sèl bagay ki rete pou diskite kounye la a, se depa li.

XS
SM
MD
LG