Accessibility links

Breaking News

Nan Eta Kansas, Yon Dènye Omaj pou Senatè Bob Dole


Sèkèy ansyen senatè Repibliken Etazini Bob Dole, rive nan ayewopo vil Salina, eta Kansas, Vandredi 10 Dec. 2021.
Sèkèy ansyen senatè Repibliken Etazini Bob Dole, rive nan ayewopo vil Salina, eta Kansas, Vandredi 10 Dec. 2021.

Sèkèy Senatè Bob Dole tounen nan eta natal li, Kansas, kote fineray li te dewoule nan palman eta a.

Yo te onore defen senatè kòm "pi gran pami yon jenerasyon gran pèsonaj" pandan yon evenman yo te planifye nan Russell, nan wès eta a kote Dole te grandi.

Responsab eli yo ak ansyen responsab Demokrat ak Repibliken te vwayaje nan vil Russell pou chante lwanj sèvis militè senatè a pandan Dezyèm Gè Mondyal la kote li te blese grav. Yo bat bravo tou pou karyè politik distenge li a apre li te reprann ni de blese lagè a.

Seremoni nan palman eta Kansas la te dewoule Samdi apremidi.

Senatè Dole mouri Dimanch 5 Desanm a laj de 98 an, apre li te sèvi pandan prèske 36 zan nan Kongrè Ameriken an, epi poze kandidati li a la prezidans pou pati Repibliken an an 1996.

XS
SM
MD
LG