Accessibility links

Breaking News

Sèkèy Senatè Bob Dole Pral Ekspoze nan Kapitòl la


Drapo ameriken ozalantou Kapitol la te monte a demi-ma nan jounen lendi 6 desanm 2021 an nan lonè ansyen lidè majorite a nan Sena a, Bob Dole, ki te reprezante Eta Kansas nan Kongrè a.
Drapo ameriken ozalantou Kapitol la te monte a demi-ma nan jounen lendi 6 desanm 2021 an nan lonè ansyen lidè majorite a nan Sena a, Bob Dole, ki te reprezante Eta Kansas nan Kongrè a.

Sèkèy ansyen Senatè Bob Dole pral ekspoze nan Kapitòl la, nan moman pèp ameriken an ap rann yon denyè omaj pou pèsonaj politik enpotan sa a nan listwa peyi a. Sèkèy senatè Eta Kansas la, yon repibliken, pral rive Washington jedi 9 desanm nan.

Misye Dole te poze kandidati li a la prezidans plizyè fwa epi li te yon veteran 2èm Gè Mondyal la. Li te sèvi kòm manm Kongrè a pandan 36 zan. Li te mouri dimanch 5 desanm nan. Li te genyen 98 an.

Moun sonje Misye Dole pou sans imou li kote li te renmen fè blag sou pwòp tèt pa li epitou sou lòt moun.

Li te travay sou lwa ki gen rapò ak taks e sou politik etranjè. Misye Dole te mete anpil eneji nan entwodiksyon yon pwopozisyon-lwa pou defann dwa kokobe yo. Li te vle gen asirans ke andikape yo jwenn pwoteksyon kont diskriminasyon nan travay, nan edikasyon ak sèvis piblik yo gras ak yon lwa ki rele American Disabilities Act oubyen Lwa Pou Pwoteje Andikape Ameriken yo.

XS
SM
MD
LG