Accessibility links

Breaking News

Otorite Lame Peyi Najerya yo Pa Bay Garanti yo Pral Jwenn Tousuit Pakèt Tifi Gwoup Teworis Boko Haram nan te Kidnape


Hadiza Bal Usman, se dam ki te pran inisyativ pou mete kanpe mouvman mobilizasyon pou jwenn 276 tifi ke militan teworis Boko Haram yo te kidnape nan dat 13 avril 2014.
Hadiza Bal Usman, se dam ki te pran inisyativ pou mete kanpe mouvman mobilizasyon pou jwenn 276 tifi ke militan teworis Boko Haram yo te kidnape nan dat 13 avril 2014.

Minis Defans peyi Nijerya a, Jeneral Manir Dan Ali, avèti ke sa ka pran plizyè lane pou jwenn “tifi Chibok” yo ke gwoup militan Boko Haram yo te kidnape.

Pakèt tifi ki te nan lekòl Chikok girls la nan peyi Nijerya ke militan gwoup teworis Boko Haram nan te kidnape. Yon miltan gwoup teworis la kanpe nan mitan yo ak zam li nan men l.
Pakèt tifi ki te nan lekòl Chikok girls la nan peyi Nijerya ke militan gwoup teworis Boko Haram nan te kidnape. Yon miltan gwoup teworis la kanpe nan mitan yo ak zam li nan men l.

Jeneral Dan Ali ki te pale ak Lavwadlamerik, fè konnen lame a ap fouye tout ti kwen pou l jwenn kote Boko Haram kache nan Forè Sambisa, yon zòn vas ki kouvri 3 eta nan nodès Nijerya.

Li mansyone ke sa te pran Etazini anpil tan, ant 7 a 10 lane pou l te jwenn mastèbrenn atak 11 septanm yo, an palan de Osama bin Laden. Sa fè 3 lane depi Boko Haram te kidnape 276 elèv nan yon lekol segondè nan bouk Chibok nan nodès Nijerya 13 Avril 2014. Gen 195 nan tifi sa yo ke otorite-yo pako jwenn.

XS
SM
MD
LG